Konesans • Refleksyon • Gidans

Vwa Sajès

Yon espas pou pataje konesans, refleksyon ak gidans ki ede moun konprann lavi pi byen, fè chwa avèk plis konsyans, epi avanse ak plis fòs, lapè ak espwa.

LIV GRATIS

Èske Non ou Ap Bloke w?
Èske Non ou Ap Bloke w?

PDF/EBOOK SA A Gratis • Klike La A

“Lavi gen yon aspè pratik ak yon aspè espirityèl. Lè nou konprann toude, nou ka mache ak plis sajès.”

— Vwa Sajès
Sou Vwa Sajès

Sajès pou lavi reyèl.

Vwa Sajès dedye pou pataje enfòmasyon, refleksyon ak zouti ki kapab ede moun travèse moman difisil ak plis klète. Travay la melanje rechèch, devlopman pèsonèl, ansyen sajès, nimeroloji, astwoloji, senbòl espirityèl, lafwa ak refleksyon sou chemen lavi a.

Vwa Sajès respekte tout relijyon, tout kilti ak tout orijin. Objektif la se pa di moun sa pou yo kwè, men ede yo reflechi, aprann, prepare tèt yo epi pran desizyon avèk plis konsyans.

Sa Nou Eksplore

Tèm ki ede w wè lavi yon lòt jan.

✦

Devlopman Pèsonèl

Refleksyon sou chwa, abitid, karaktè, relasyon ak fason pou konstwi yon lavi ki gen plis sans.

☾

Sajès Espirityèl

Lapriyè, Sòm, senbòl, tradisyon espirityèl ak lòt zouti moun sèvi pou jwenn fòs ak lapè.

∞

Chemen Lavi

Nimeroloji, astwoloji, desten, dat nesans ak lòt pèspektiv ki ede moun reflechi sou direksyon lavi yo.

Liv An Kreyòl

Liv Vwa Sajès

Liv Vwa Sajès yo fèt pou moun òdinè. Nou eksplike sijè enpòtan yo nan yon fason senp, dirèk, pratik ak fasil pou konprann. - Wap Jwen Tout Liv Vwa Sajès yo sou Tenbellow Oswa Klike La a

TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

TPS Pou Ayisyen:
Sa Pou W Fè Kounye a

Vwa Sajès
Liv Fizik

TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv Fizik la
TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

6 Verite Ki Kache Dèyè Pwoblèm Lajan W

Vwa Sajès
Liv Fizik

6 Verite Ki Kache Dèyè Pwoblèm Lajan W

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv la
TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

6 Verite Ki Kache Dèyè Pwoblèm Lanmou W

Vwa Sajès
Liv Fizik

6 Verite Ki Kache Dèyè Pwoblèm Lanmou W

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv la
TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

6 Rezon Ou Pa Gen Sa W Vle

Vwa Sajès
Liv Fizik

6 Rezon Ou Pa Gen Sa W Vle

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv la
TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

6 Verite Ki Kache Dèyè Pwoblèm Sante W

Vwa Sajès
Liv Fizik

6 Verite Ki Kache Dèyè Pwoblèm Sante W

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv la
TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

W ap Priye Yon Move Bondye

Vwa Sajès
Liv Fizik

W ap Priye Yon Move Bondye

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv la
TPS Pou Ayisyen: Sa Pou W Fè Kounye a
Liv Enprime • Paperback

Èske W ap Mouri Oswa W ap Rete Vivan?

Vwa Sajès
Liv Fizik

Èske W ap Mouri Oswa W ap Rete Vivan?

Vèsyon enprime a pou moun ki prefere yon liv fizik.

Achte Liv la
Sa Mwen Fè

Plizyè fason pou ede w gade chemen lavi w.

Travay mwen melanje sajès espirityèl, entwisyon, ansyen sistèm, devlopman pèsonèl ak rechèch pou ede moun konprann tèt yo pi byen, rekonèt modèl ki ka repete nan lavi yo, reflechi sou eksperyans yo yon lòt jan, epi avanse ak plis klète ak konsyans.

✦

Spirityalis

Mwen eksplore espirityalite, konsyans, nanm, lafwa, pratik espirityèl ak sajès ki soti nan diferan tradisyon. Mwen pa limite travay mwen ak yon sèl relijyon oswa sistèm kwayans. Mwen respekte diferan fason moun chèche Bondye, verite, sajès, sans ak direksyon nan lavi yo.

✋

Kiromansyen / Palmist

Atravè lekti pla men, mwen etidye siyifikasyon tradisyonèl liy, fòm, mont, dwèt ak lòt karakteristik ki nan men yo. Palmistri ka sèvi kòm yon lòt fason pou eksplore pèsonalite, tandans, fòs, defi ak modèl ki ka parèt nan lavi yon moun.

➐

Nimerolojis

Mwen itilize dat nesans ak non pou eksplore diferan modèl nimerolojik tankou Chemen Lavi, Desten, Dezi Nanm, Ane Pèsonèl ak lòt nimewo ak sik. Entèpretasyon sa yo ka bay yon lòt pèspektiv sou pèsonalite, tandans, defi ak diferan peryòd nan lavi.

☾

Astwològ

Mwen itilize astwoloji ak kat nesans pou eksplore siyifikasyon tradisyonèl Solèy la, Lalin nan, planèt yo, siy zodiac yo, kay astwolojik yo, aspè yo ak sik planetè yo. Sa ka bay yon lòt pèspektiv sou pèsonalite, relasyon, fòs, defi ak diferan peryòd nan lavi yon moun.

✧

Konsiltan Entwitif

Mwen konbine entwisyon, obsèvasyon, konvèsasyon, eksperyans ak diferan zouti espirityèl pou ede moun gade pi fon nan relasyon, desizyon, pwoblèm, opòtinite ak direksyon lavi yo.

✎

Otè

Atravè liv mwen yo, mwen pataje rechèch, refleksyon, kesyon ak pèspektiv ki fèt pou ede lektè yo konprann tèt yo pi byen, rekonèt sa ki ka kache dèyè kèk pwoblèm epi reflechi sou lavi yo yon lòt jan.

◇

Chèchè

Mwen fè rechèch sou espirityalite, relijyon, metafizik, konpòtman moun, konsyans, filozofi, devlopman pèsonèl, ansyen tradisyon ak lòt sijè ki ede nou eksplore eksperyans imen an pi fon.

∞

Kotch Espirityèl

Mwen ede moun gade pi fon nan sa y ap viv, rekonèt modèl ki ka repete, klarifye sa yo vle, eksplore lavi espirityèl yo epi idantifye etap pratik yo kapab pran pou grandi, chanje epi kreye yon lavi ki gen plis sans.

Yon sèl chemen pa oblije gen tout repons yo.
Mwen respekte diferan relijyon, kilti, tradisyon ak fason moun konprann lavi. Objektif mwen se pa di w sa pou w kwè, men ede w reflechi, poze kesyon, eksplore diferan pèspektiv epi jwenn plis klète sou pwòp chemen pa w.
Gidans Espirityèl - LIGHT READINGS

Ou bezwen plis refleksyon sou sa k ap pase nan lavi w
ak sou ki chemen lavi w ap mennen w?

Si w ap fè fas ak yon pwoblèm nan lanmou, lajan, travay, fanmi oswa lavi an jeneral, epi ou santi gen yon bagay ou poko konprann, yon Light Reading ka ede w gade sitiyasyon an pi fon.

Light Readings se yon sèvis gidans espirityèl mwen ofri atravè InnerMagick.org pou ede w eksplore rezon ki ka kache dèyè yon pwoblèm, yon blokaj, yon reta oswa yon sitiyasyon k ap repete nan lavi w.

Pandan yon Light Reading, mwen itilize yon konbinezon de entwisyon, tarot, nimeroloji, astwoloji, gid espirityèl ak konsyans enèjetik pou ede eksplore sa ki ka enfliyanse sitiyasyon w lan.

Nou ka gade si sa w ap viv la ta ka gen rapò ak yon leson lavi, yon modèl k ap repete, yon lòt moun, chwa ou te fè, desten, enfliyans espirityèl, oswa lòt bagay ki merite plis atansyon. Objektif la se pa sèlman di w sa k ap pase. Se ede w konprann sitiyasyon an pi byen, wè sa ou ka pa t wè anvan, epi jwenn plis klète sou ki direksyon ou kapab pran apre sa.

Light Readings ak lòt sèvis espirityèl mwen yo disponib atravè InnerMagick.org. Ou ka order Light Reading yo an kreyòl, en Francais or in English.

Pou sèvis espirityèl tankou Light Readings, ou kapab vizite InnerMagick.ORG

Vizite InnerMagick
  Kontakte Vwa Sajès

 Rete konekte avèk nou.

   Pou kestyon sou liv Vwa Sajès, piblikasyon, oswa lòt enfòmasyon, kontak nou.

🌐 Sit Entènèt

VwaSajes.com

✉️ Imèl

Kontakte nou

contact@vwasajes.com

RETE KONEKTE AK VWA SAJÈS

Swiv Nou Sou Rezo Sosyal

Swiv Vwa Sajès pou jwenn nouvo videyo, refleksyon, enfòmasyon, sajès espirityèl, nouvèl sou liv nou yo ak lòt kontni ki ka ede w sou chemen lavi w.

▶ YouTube f Facebook ♪ TikTok ◎ Instagram